The Konbit Shelter Project


« Konbit Shelter » se yon projè ki konpoze de yon ti group atis ak moun ki gen eksperyans nan konstriksyon. Moun sa yo vle bay kè yo ak lespri yo pou yo ka ede moun nan kominote ayisyen an apre tranbleman de tè a. Klike la pou ou ka gen enfòmasyon sou inogirasyon « Williamsburg Waterfront Sculpture Exhibition » nan East River State Pak.

Objektif nou se pou nou ofri moun ki viktim tranbleman de tè a, yon nouvo teknik konstriksyon kap pi fasil epi pi efikas. «  Konbit Houses Project » pral pote yon teknik konstriksyon ki rele "Superadobe" ke Nader Kalili kreye ansanm avèk bèl lide ke nou mennm atis genyen. Nou vle mete fòs nou ansanm avèk moun nan peyi a ki gen eksperyans nan konstriksyon, ansanm ak peyizan yo epi, ansanm avèk militan nan kominote a. N'ap bati yon ti zòn avèk teknik sa, kote chak kay ka pran 4 a 5 moun epi yo ka sèvi pou lekòl, lopital, oswa sal reyinyon.

Nou panse ke teknik "Superadobe" ap bon pou rekonstwi peyi Dayiti paske li itilize yon ti kal bwa avèk lòt materyo konstriksyon. Teknik sa a itilize katrevendis pou san tè, avèk yon ti kal beton ak fil de fè. Se yon metòd ki bon mache epi li fasil pou bati avèk li. Kay ki bati avèk teknik sa yo ka reziste siklòn ak tranbleman de tè. Depi nou mete tèt nou ansanm avèk kominote a pou nou bati kay sa yo, na va kreye yon bagay ki gen valè pou pèp ayisyen an. Projè sa a ap pote nouvo konesans pou tout ayisyen ki nan kat kwen peyi a.

Kounyeya n'ap chèche lajan pou nou ka achte materyo konstriksyon, pou nou ka peye la dwann pou voye materyo yo ale ansanm avèk lajan pou nou peye moun ki pral konstwui kay sa yo. Nou swete n'ap ka kòmanse voye materyo ale Ayiti epi komanse konstwi kay sa yo nan ete 2010 la.

Konbit Parorama

Mo « Konbit » nan lang kreyòl la vle di yon group moun nan yon zòn ki mete tèt ansanm pou yo ranmase rekòt nan jaden yo. N'ap viv nan yon tan kote nou oblije mete tèt nou ansanm pou nou k'ap konbat tout obstak ki kanpe sou chemen nou.. «  Konbit Houses Project » vle bay mo konbit la yon sans pi jeneral, li vle wè li tankou moun nan yon sèl peyi k'ap travay nan linyon ak antant.

Click here for details on our fundraiser

Follow the Progress on Our Blog


View Project Photos


View a Video of our Building Process


Press


structure2
Barriere Jeudy, Haiti

panorama2 Prototype build, Braddock, PA

Kontakte nou: konbit.shelter@gmail